Makaya : yon fèt nan vodou ki kowenside ak fèt Nwèl

Chak ane, nan fen ane a, vouyizan yo selebre fèt Makaya nan menm peryòd kretyen yo ap selebre Nwèl la.

Fèt Makaya se yon fèt ki soti nan rit Petro nan vodou ayisyen an. Li selebre nan fen ane a, nan menm moman ak fèt Nwèl kretyen yo. Dapre direktè Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE) a, Erol Josué, ki te pibliye yon videyo sou kont enstitisyon an pou esplike kisa fèt la ye, Makaya fèt nan yon moman ki fò nan ane a. Se poutèt sa li rasanble plizyè lwa enpòtan nan vodou a, tankou lwa ki nan dlo ak lwa ki nan dife.

Nan lang kikongo Makaya vle di fèy. Kidonk se fèt fèy. Se fèt kote moun ki sèvi lwa yo pran fèy pou fè beny pou moun. Dapre Erol Josué, Makaya se yon rapò ant fèy ak dlo. Se pa pran fèy nenpòt jan pou fè beny : se moun ki gen konesans ki fè sa. Yo pran fèy yo anba pwoteksyon Met Granbwa ak Simbi Andezo.

Peryòd Makaya a se yon moman kote anpil moun retounen nan bitasyon lakay yo pou al pran beny. Se sa ki fè, chak fen ane an Ayiti, nou wè anpil moun ap chèche wout pwovens pou al lakay yo. Se moman pou renouvle angajman yo, bay gad ki sou yo manje, epi fè beny pou pote enèji pozitif nan lavi yo.

Ane sa a, nan okazyon fèt Makaya, antwopològ Emmanuel Stéphane Laurent, moun yo plis konnen sou non Pwofesè l’Homme, te pibliye yon mesaj sou rezo sosyal yo kote li raple, nan lespri Makaya, se yon moman rezistans ak pataj. Dapre li, pataje yon ti moso pen ansanm se yon fason pou onore rasin nou.

Yo souvan asosye fèt la ak esklav yo te rele Makaya. Li te konn chèche fèy, prepare beny, epi benyen lòt esklav parèy li yo nan chak fen ane. Li te youn nan premye esklav maron, menm jan ak Makandal.

Kolon blan yo te touye Makaya poutèt zak rezistans li yo. Yo te ekspoze kò li pou fè egzanp ak lòt esklav yo. Men, malgre sa, zansèt yo te kontinye kenbe pratik Makaya yo.

La Rédaction

DÉCODAGE INFO

Sign Up For Daily Newsletter

Stay updated with our weekly newsletter. Subscribe now to never miss an update!

Leave a Reply

Discover more from DECODAGE INFO

Subscribe now to keep reading and get access to the full archive.

Continue reading